Mond lan jenere 2.01 milya tòn fatra, ke Ayiti kontribye 1.3 milya tòn ladann.
Gen konbyen milyon moun an Ayiti k’ap viv nan yon sitiyasyon dezagreyab e ki konn menm afekte eta sante yo epi ki vin kreye anpil maladi. Malerezman, akòz de anpil evènman natirèl ki pase Ayiti, Plis pase 96% nan popilasyon an ki ekspoze a dezas natirèl yo; sètadi tankou siklòn, inondasyon ak tranblemanntè.
Pa ranmase fatra nan peyi a vin fè yon gwo efè sou tout anviwònman (fatra bouche tout kote pou dlo pase, bèt ap chache manje fatra san yo pa konnen sa y’ap manje ladann,e sa ki pi rèd la,nou menm jwen moun k’ap chache manje nan fatra pou yo manje), ki afekte sante moun k’ap viv nan peyi a (moun yo vin gen pwoblèm respiratwa ak maladi ki transmèt ) epi ekonomik peyi a pa devlope (vin pa gen touris pou vizite peyi a)
Ayiti bezwen èd nou tout. Nou pa ka kontinye rete kanpe ap gade sou kisa politisyen Ayiti yo ap regle, pandan se politik ki anpeche ni zafè ekonomik ak sosyal
devlopman nan peyi a. Ede nou bay yon vi miyò pou peyi a ak pèp li a.