KI MOUN NOU YE

KI MOUN NOU YE

I Clean Haiti te fonde sou yon lide senp kifè nou panse nou ka fè pi byen pou peyi nou an. Vizyon pou fondatè Pierre Norame te trè klè. Nou pa ka tann pou yon sèl moun Pwòpte peyi a; efò sa a pral pran nou tout.

Fason Mesye Norame panse te menm jan ak panse nou menm tou ki nan dyaspora ayisyen an ki fatige tou pou wè kouman Ayiti fin deperi. Yo menm tou yo te santi sa e yo te deside nou ka fè pi byen paske nou konnen pi byen.Nou se yon gwoup Ayisyen ki te fèt e ki te grandi an Ayiti, nou te vin Ozetazini e nou pa ka kanpe ap gade bèl zile sa ap fini, Nou mete tèt ansanm ak Mesye Norame ak gwo solisyon sa a pou retabli bèl Zile nou an ak moun li yo pandan nou pra’l bay opòtinite travay pou chak sitwayen an Ayiti pou yo touche lajan kach pou chak liv (lb) pou nenpòt ki fatra pandan y’ap ede Pwòpte peyi a.Kondisyon sante pèp peyi a kontinye depafini nèt epi lavi di menm ap kontinye afekte pèp la.

Nou sipoze kòmanse nan rasin pwoblèm nan. 3 pwoblèm debaz I Clean Haiti ap adrese yo se:

  • Anplwaye moun ki pap travay yo.
  • Kreye yon sistèm ki pral jere fatra yo regilyèman.
  • Chanje fason moun yo wè ak panse yo nan kominote yo epi edike yo sou enpòtans yon kominote pwòp epi edike yo ke fatra pote anpil maladi.
 
Failed to get data. Error:
Invalid album ID.