Istwa nou

Istwa nou

Non mwen se Pierre Michel Norame e mwen se fondatè I Clean Haiti.Ki fèt epi ki grandi an Ayiti, Papa’m te mennenm nan Amerika lè mwen te gen 19 ane. Mwen pat gen chans ale nan lekòl segondè lè’m te vini isit.Men Mwen te aprann tèt mwen pale anglè epi mwen te ale nan Univèsite pou’m te pran biznis Administrasyon epi mwen te ale lekòl pou’m te ka vini yon chèf kwizin,epi nan ane 2013 mwen te ouvri yon ofis tax.  

Nan ane 2017, pandan moman ki pi difisil nan lavi mwen e apre katastwòf natirèl te deja devaste Ayiti, mwen te gen premye vizyon mwen sou “I Clean Haiti”. Madanm mwen ak mwen te fèk separe, pitit gasonm te gen 4 ane, mwen te pèdi revni finansye mwen e mwen te ap eseye jwenn travay nenpòt kote mwen te kapab. Kòm yon moun ki nan Bondye, mwen te oblije rete nan wout dwat mwen ak Seyè a kèlkeswa sa mwen kontre nan lavi a.  

Te gen anpil moun ki te ede’m jwenn travay, men yon bagay mwen te fè souvan se  te ranmase fatra epi ale pote kote pou jete yo a,Pifò nan travay sa yo te sòti kote Josh Kobrin ak papa’l David Kobrin. De moun sa yo kenbe’m vivan pandan moman difisil mwen yo. Mwen remèsye yo pou tout bagay yo te fè pou mwen e mwen kwè yon jou kanmem m’ap peye yo pou tout sa yo pi devan.Nan moman sa yo pandan mwen tap fè lajan ki pat mal nan pote fatra ale jete, mwen ka di se Bondye menm ki te fè’m ap fè jan de travay sa yo pou’l te ka banm lide “I Clean Haiti” a. Mwen t’ap panse nan  tèt mwen, e di si Ayiti te gen yon fason òganize pou bay travay pou moun ki ede ranmase fatra;rezoud pwòblèm fatra ak pwoblèm povrete Ayiti  a ansanm. 

Depi lè sa a, aprè mwen te retounen sou pye mwen, mwen te panse sou pwojè sa ki pi gwo nan tout Istwa Ayiti. Kounye a se moman Ayiti reyèlman bezwen yon bagay pou elimine pwoblèm dechè ki kontribye nan kondisyon ekstrèm ak malsen, maladi, pagen touris, pagen travay epi fatra pran tout espas kote pou moun yo ta rebati. 

Nou menm Ayisyen, nou dwe fyè ak pwojè sa k’ap fè gwo enpak e ki pral chanje estabilite ekonomik peyi a epi retabli bote li pou yon Ayiti ki pwòp e ki pwospere pou tout moun. Mwen te priye Bondye e li te ban mwen non “I Clean Haiti” a. “I Clean Haiti” vle di tout moun ki kontribye nan pwoblèm sa ak tout moun k’ap nan tout lari a k’ap ranmase fatra se yon manm ekip I Clean Haiti .  

Ansanm,nou ap retabli ak revitalize peyi a ak moun li yo. 

Pierre Michel Norame, CEO / ko-fondatè

 
Failed to get data. Error:
Invalid album ID.