MIEMBRO JUNTA MACK (HAI)

MACKENSON MATHIAS

TREZORYE

Makenson Mathias te fèt 26 septanm 1982 nan Pòtoprens, Ayiti. Mwen te kòmanse ale lekòl Pòtoprens, men mwen te vini Ozetazini apeprè 9 an. Fanmi’m ak mwen te demenaje ale rete  NY, kote mwen te fini lekòl primè. An 1994, nou te demenaje ale rete nan Florida. Nan Florida, mwen te fini lekòl mwayen ak lekòl segondè. Mwen te antre nan lame ameriken imedyatman apre lekòl segondè.Mwen te fè yon asosye degre nan syans pandan mwen te nan militè. Mwen te sèvi 4 ane aktif, ak 4 ane rezèv .Pandan tèm inaktif lan, mwen te etidye pou fè reparasyon otomobil. Yon ti tan aprè, mwen te ale pran bachelò  degre nan  kriminèl jistis.Kounye a mwen travay ak timoum ki bezwen terapi ak swen espesyal.Mwen gen pasyon pou timoun anpil. Mwen envesti tanm anpil ak ministè jèn nan legliz mwen ale, epi mwen ede jèn yo anpil pandan yon bon tan jouk jounen jodi a. Mwen gen yon pitit gason ki gen 6 zan. Objektif mwen se ede tout moun ki sou wout mwen nan yon fason pozitif. Mwen vle fè enpak pozitiv sou lavi lòt moun nan yon fason pou’m ede plis moum ke’m kapab.

 
Failed to get data. Error:
Invalid album ID.