MIEMBRO JUNTA PIERRE (HAI)

PIERRE MICHEL NORAME

CHÈF EGZEKITIF

Pierre M. Norame te fèt epi grandi an Ayiti. Papa’l mennen’l an Amerik lè li te gen 19 an. Pierre se 5yèm nan 8 frè ak sè.Pierre se yon Papa ki fyè anpil, li gen yon timoun. Pierre renmen peyi’l tèman! Li toujou chita ap pale sou kijan li ka chanje Ayiti  pou vini yon pi bon anviwònman pou moun ki ap viv ladann. Pierre sousye de Ayiti anpil; espere ke li ka fè chanjman Ayiti bezwen an avèk èd Senyè Jezi Kris. Pierre te vin  Amerika  pa sèlman pou li te vin reyisi nan vi li, men pou’l aprann epi pou’l wè kisa li ka fè pou li pote yon vi pi bon an Ayiti. Mantalite Pierre se tankou ewo yo nan tan lontan, ki te goumen anpil pou peyi a. Yo te pasyone anpil pou goumen pou bay Ayiti libète. Se poutèt sa, Senyè a te ba’l non pwojè sa, “I Clean Haiti”.
Pierre entèlijan anpil nan tout bagay ke li deside fè. Li renmen ede lòt moun, pataje prèske tout sa li genyen ak moun. Pierre pat janm fè lekòl segondè isit nan Amerik la. Sepandan, sa  pat anpeche’l aprann ak avanse. Li te anseye tèt li anglè, li te ale nan inivèsite pou kontab.Men pasyon’l se renmen kwit manje, li te deside pouswiv atizay kuizin epi pou vin yon chef. Aprè sa, li louvri yon biznis taks, e li te nan biznis depi 2011.
Pierre pa sèlman renmen peyi li, men li renmen tou Senyè a. Li angaje’l nan pataje Pawòl la ak anpil eksperyans  li genyen nan kwayans li gen nan Bondye.

 
Failed to get data. Error:
Invalid album ID.