MIEMBRO JUNTA WILBERT (HAI)

WILBERT SAINT AIMÉ

KO-EGZEKITIF

Wilbert Saint-Aime se yon papa ki fyè anpil,li gen bèl madanm li ak 4 bèl pitit li cheri chak jou, Li te fèt e grandi Ayiti jiskaske’l te gen 12 zan, Li  se twazyèm nan sèt frè ak sè, li te vin an Amerika nan ane 1991,li te ale lekòl epi li te gradye nan lekòl segondè,epi li te ale nan kolèj nen li pat fini,olye li te ouvri yon biznis pou fè bifèt jouk 2010, li te vin pran lisans pou’l vann kay ak envesti.Li toujou renmen fè renovasyon nan kay jouk jounen jodi a. Li renmen ke lè li kòmanse yon bagay epi pou li fini’l.Li toujou ap bat pou’l aprann anpil bagay nan lavi’l,pou kounye a li nan 2 zyèm ane pou’l vin  yon elektrisyen. Kontantman Wilbert se relasyon li ak Kris. Kris la se tout lapè ke li bezwen nan tout lavi’l. Li kontan pou  gran chanjman sa k’ap retabli kote’l te sòti a  gras ak”I Clean Haiti”, se yon privilèj ki sòti kote Bondye ye.

 
Failed to get data. Error:
Invalid album ID.