REGINALD A. CHEVALIER

Réginald A. Chevalier

Senior Konseye

Reginald Chevalier pran nesans li Pòtoprens Ayiti, kote pasyon’l pou bagay atistik te komanse. Apre lekòl segondè li emigre Ozetazini pou’l tesa vinn etidye sinema ak bozar.
Chevalier te pran diplòm li nan pwodiksyon fim nan Kolumbia Kolèj, ki Chikago. Pandan li lekòl li te tou pwofite ekspoze talan li nan kèk pyès Teat ak kèk reklam televizion.
Apre sa li desan Olywoud, ki Kalifòni Ozetazini, kote li jwenn vokasyon’l nan pliziè ròl dèyè kamera a. Sou teren a li se yon prodiktè, reyalizatè, senarist ak komedyen. Li te kolabore tou ak kèk sosyete pwodiksyon fim, ke tout moun rekonèt nan fè pliziè fim ki te fè anpil siksè, tankou: Nora’s Hair Salon, Sugar Valentine, Go for Broke & County General… (ref: IMBD.com – YouTube.com).
Antan ke pwodiktè fim, Reginald Chevalier kreye tout kondisyon pou fè sinema, nan devlope, kowòdone ak sipèvise tout eleman pwodiksyon, konmanse nan fòmasyon ekip yo, jiska jesyon bidjè ki vo milyon. Apre sa li konsantre’l sou lòt faz reyalizasyon yon fim, ki se maketing ak distribisyon fim toupatou nan mond lan..
Apre yon gwo siksè nan lakou Lòsanjelès nan fè plizie lon metraj, Reginald te deside pou’l tounen nan peyi’l pou’l ta pwodwi yon gwo fim Ayisyen ki rele  -La Rebelle, ki te fè anpil pale anpil sou medya yo, e ke kritik sinema yo te kalifye tankou “Pi bèl ak pi bon reyalizasyon yon lon metraj yo teka fè nan peyi d’Ayiti”.
Dizan apre li te deside pwodwi yon lòt bèl fim ki rele -Rasin Mwen, Pour l’Amour de l’Argent. Nan lane 2014, fim sa te resevwa anpil pri tou: “Meyè fim, meyè reyazilatè ak meyè aktè” nan men Motion Picture Association of Haiti (MPAH). Aprede milye de moun ta’l gade fim sa nan sal sinema, li te tèlman fè siksè sou rezo sosyo yo, ke li akimile plis pase yon million abone sou rezo YouTube ak lòt medya sosyo.
Pandan li an Ayiti a, Chevalier deside pou’l te monte pwòp bwat pwodiksyon fim li, -Chevalier United Entertainment (CUE3FILMS). Li pat pran misye twòp tan pou’l fè anpil moun rekonèt travay ke li tap fè nan pwodiksyon odyovizwèl, ke se te youn ki te pli pwofesyonè nan peyi d’Ayiti. Nou ka wè sa apatide tout temwayaj ke yon paket nan klian’l yo di sou li.. 
Lòt pasyon Chevalier se travay sou domènn konsiltasyon pou oganizasyon ki bezwen jarèt pou yo sa pran pye nan bisnis ke yo chwazi fè a, pou yo sa vinn rantab demen, san pedi tan. Li plis asosye’l ak antrepriz ki vle fasilite devlopman Ayiti nan envèsti ladann ak bay moun jòb.

 
Failed to get data. Error:
Invalid album ID.