PERSONAL JEAN (HAI)

jean

JEAN RICHARD VERGIN

CHÈF SEKITITE

Jean Richard Vergin fèt nan peyi Dayiti e se la li grandi tou. Li marye e li se papa 2 bèl pitit fi. Jean Richard ap travay pou òganizasyon Nasyon Zini depi nan lane 2006 jiska kounye a. Jean Richard etidye Jesyon Enstitisyon Finansyè, Teknik Dwanyè ak Kago, épi li gen nosyon nan Syans Politik ak Syans Jiridik. Richard se yon nèg ki entèlijan, respektye, kredib epi onèt. Jean Richard renmen epi kwè nan Bon Dye, li renmen peyi li epi se la li pase tout vi li. Jean enplike nan anpil aktivite  ak òganizasyon ki gen karaktè sosyal an ayiti, yon fason poul’ wè si patisipasyon pal’ ka kontribiye nan chanjman peyi a bezwen an epi ap chache depi lontan. Jean vle proteje anvirònman ak la nati peyil’. Pi gro espwa Jean se poul’ ta rive wè peyi dayiti retounen ‘’Pèl dè zanti ankò, peyi ki pi bèl pami tout lòt peyi ki nan Anti yo’’. Jean dispoze epi disponib poul’ fè nenpòt sakrifis ki nesesè poul’ kontribiye nan vizyon epi misyon Nap Pròpte Ayiti a gen pou peyi a. Li estime ke sa se pi gro epi pi bon projè ke peyi a poko janm konnen nan egzistans li ki pral reyalize pou pèp Ayisyen an.

 
Failed to get data. Error:
Invalid album ID.